Está en la página 1de 16

34567

`
ESKE LASYANS
RANPLASE BIB LA?

1 ye JE N 201 5

34567
Vol. 136, No. 11

`
Kantite ki paret nan chak nimewo:
52 946 000 NAN 240 LANG

JUNE 1, 2015

Semimonthly
HAITIAN CREOLE

PERYODIK SA A, Toudegad,
`
onore Jewova Dye, Souvren linive a.
`
Peryodik sa a rekonfote moun yo
`
`
`
grasa bon nouvel ki fe konnen Wayom
`
Bondye a, ki nan syel la, pral fini ak
` `
tout mechanste e li pral fe te a tounen
`
yon paradi tale konsa. Li ankouraje
moun pou yo mete lafwa yo nan Jezi
Kris, li menm ki te mouri pou nou ka
gen lavi ki pap janm fini an e k ap
`
gouvene kounye a antanke Wa nan
`
Wayom Bondye a. Depi 1879, y ap
pibliye peryodik sa a ki pa gen okenn
`
rapo ak politik e ki baze sou Bib la.

`
`
SIJ E KI SOU PAJ KOUV ETI A

`
Eske lasyans ranplase Bib la?
PAJ 3-7
Fason lasyans enfliyanse lavi nou 3
Lasyans gen limit 6
`
`
LOT SIJ E

Fason nou ka byen vyeyi 8

`
Eske w ta renmen jwenn
`
plis enfomasyon oswa
benefisye yon etid biblik
gratis lakay ou?
` `
Ou kapab al sou sit Entenet
www.jw.org /ht
oswa ekri Temwen Jewova yo
`
nan youn nan adres ki pi ba yo.

Byografi

`
Yon eritaj ki la depi set jenerasyon 11
`
Kiyes ki antikris la? 14
Repons Bib la bay 16

Pou KANADA:
Jehovahs Witnesses
PO Box 4100
Georgetown, ON L7G 4Y4
CANADA
Pou ETAZINI:
Jehovahs Witnesses
25 Columbia Heights
Brooklyn, NY 11201-2483
UNITED STATES
`
Si w ta renmen jwenn yon lis ki gen tout adres yo,
` `
al sou sit Entenet www.jw.org /ht /kontakte.

Peryodik sa a pa pou vann. Nou pibliye l nan kad


`
`
yon travay anseyman biblik k ap fet nan lemonnantye.
`
` `
Se ofrann volonte ki rann travay sa a posib. Tout vese
`
ki soti nan Jenez pou rive nan Malaki, se nan tradiksyon
`
yo rele Bib la nou pran yo. Le nou tradui yo dapre
`
tradiksyon Bib angle yo rele New World Translation
of the Holy Scriptures, nou mete NW pou montre sa.
` `
Tout vese ki soti nan Matye pou rive nan Revelasyon,
se nan Tradiksyon monn nouvo a Liv ki te ekri an
`
`
`
grek yo nou pran yo. Le nou pran yo nan yon lot
tradiksyon, nou ekri non tradiksyon Bib la.
The Watchtower (ISSN 0043-1087) is published
semimonthly by Watchtower Bible and Tract Society
of New York, Inc.; L. Weaver, Jr., President; G. F. Simonis,
Secretary-Treasurer; 25 Columbia Heights, Brooklyn, NY
11201-2483, and by Watch Tower Bible and Tract Society
of Canada, PO Box 4100, Georgetown, ON L7G 4Y4.
Periodicals Postage Paid at Brooklyn, NY, and at additional
mailing offices. POSTMASTER: Send address changes
to Watchtower, 1000 Red Mills Road, Wallkill, NY
12589-3299. 5 2015 Watch Tower Bible and Tract
Society of Pennsylvania. Printed in Canada.

`
`
` `
LI LOT SIJ E SOU ENT EN ET

34567

KESYON MOUN POZE SOUVAN


SOU TEMWEN JEWOVA YO

1 ye JE N 201 5

`
Eske Tradiksyon
monn nouvo a egzat?

`
ESKE LASYANS
RANPLASE BIB LA?

TELECHAJE
PERYODIK
` SA` A
SOU DIVES
` F` OMA
SOU ENTENET

`
(Gade anba ribrik ENFOMASYON
SOU NOU KESYON MOUN
POZE SOUVAN)

`
SIJ E KI` SOU PAJ
KOUV ETI A

Fason lasyans enfliyanse lavi nou


`
Dapre yon diksyone, lasyans se etid apwofondi
`
`
moun fe sou lanati ak sou fason bagay materyel yo
`
`
oubyen bagay fizik yo konpote yo nan linive. Etid
`
sa a baze sou obsevasyon, sou eksperyans ak sou
`
kalkil. Li difisil pou moun rive fe tout travay sa a, e
byen souvan, travay sa a fristre yo. Syantifik yo konn
`
`
`
pase plizye semen, plizye mwa e yo konn menm
`
`
pase plizye ane ap travay sou kek eksperyans ak sou
`
`
kek obsevasyon. Pafwa yo pa jwenn okenn rezilta,
men nan anpil ka, rezilta yo jwenn yo konn pwofi`
tab pou limanite. Ann egzamine kek egzanp.
Gen yon konpayi ewopeyen ki konbine plastik ki
`
`
`
`
`
solid ak kek filt ki moden pou l fe yon aparey ki pe`
`
met yon moun bwe dlo trete e konsa li evite maladi
`
moun pran nan bwe dlo ki kontamine. Yo konn iti`
`
`
`
lize jan de aparey sa yo le gen katastwof natirel, tan`
`
kou le te gen tranblemannte ann Ayiti nan ane 2010.
`
`
Nan lespas, gen plizye rezo satelit ki fome yon sis`
` `
` `
tem inivesel ki pemet moun repere yo byen fasil.
`
Yo rele sistem sa a GPS (Global Positioning System).
`
`
`
Okomansman yo te fe GPS la pou milite yo, li ede
`
`
chofe yo, pilot yo, maren yo jwenn wout yo. Menm
`
chase yo ak moun k ap pwonmennen yo konn iti`
lize l tou. GPS la fe l pi fasil pou n ale kote n vle, e se
`
syantifik
yo ki te envante sistem sa a.
`
`
` `
`
`
Eske
` w itilize telefon selile, odinate oswa Ente`
net? Eske w remake sante w amelyore
oubyen li
`
` `
vin pi bon grasa pwogre lamedsin fe? Eske w konn

`
`
vwayaje nan avyon? Si wi, ou jwenn kek byenfe
`
` `
pami anpil bagay lasyans fe ki amelyore lavi lezom.
`
Lasyans enfliyanse lavi nou plizye fason ki pozitif.
LASYANS GEN LIMIT
Pou syantifik yo elaji orizon yo, yo fouye fon nan
`
lanati. Syantifik ki etidye fizik nikleye yo egzamine
`
`
`
an pwofonde sa k ap fet anndan yon atom, tandiske
`
`
astwofizisyen yo remonte plizye milya ane avek
`
espwa y ap rive konprann orijin linive. Etandone
`
`
kek syantifik fouye fon e yo ale lwen nan rechech yo,
yo menm fouye nan monn envizib la, monn moun
pa ka touche a, yo panse si Bondye Bib la pale de li a
`
egziste fo yo ta jwenn li.
`
`
`
Gen kek syantifik ak kek filozof moun byen kon`
nen ki ale pi lwen toujou. Yo dako ak ide Amir D.
Aczel, yon ekriven syantifik, rele yon agiman syantifik ki kontredi egzistans Bondye. Pa egzanp, gen
`
`
`
yon gwo fizisyen ki fe konnen lefetke pa gen prev
`
`
ki montre gen okenn Bondye ki jwe yon wol enpo`
tan nan linive, sa montre nan yon degre dout ki re`
zonab yon dye konsa pa egziste. Gen lot syantifik
`
ki di travay Bondye yo pale de li nan Bib la fe yo se
maji, se yon seri vye bagay mistik1.
`
`
`
1 Gen kek moun ki rejte Bib la akoz kek anseyman legliz bay
`
`
swa nan tan lontan swa nan epok nou an, tankou kwayans ki fe
`
`
konnen te a se sant linive oswa Bondye te kreye monn nan nan
`
sis jou e chak jou dire 24 edtan. Gade kare ki gen tit: Bib la
`
`
parapo ak kek bagay syantifik yo di.

1ye JEN 2015

`
Sepandan, men kesyon nou dwe poze: Eske lasyans gen ase konesans sou lanati pou l rive abouti
ak yon seri konklizyon definitif sou li? Repons ki
`
senp pou kesyon sa a se non. Lasyans fe anpil gwo
`
`
pwogre, men anpil syantifik rekonet gen anpil bagay
`
`
toujou yo pa konnen e petet gen anpil lot bagay yo
pap janm konnen. Men sa Steven Weinberg, yon fi`
zisyen ki te resevwa yon pri Nobel pou konesans li
`
gen sou lanati, fe konnen: Nou pap janm rive nan
`
fon bagay yo vre. Men sa pwofese Martin Rees,
`
`
astwonom wayal nan Grann Bretay te fe konnen:
`
` ` `
Gen kek bagay petet lezom pap janm rive kon`
prann. Verite a seke gen anpil bagay nan lanati, soti
`
nan selil la ki toupiti pou rive nan linive ki vas, lasyans poko ka rive konprann toujou. Annou konsidere egzanp ki vin apre yo:

Byolojis yo pa fin
byen konprann sa k ap
pase nan selil vivan yo.
Gen yon seri kesyon
syantifik yo pa ka bay
yon repons definitif
`
pou yo tankou, koman
`
selil yo boule eneji,
`
koman yo pwodui
pwoteyin epi
`
koman yo divize.
`
Pezante a afekte
nou chak segonn nan
jounen an. Poutan,
`
li rete yon miste pou
fizisyen yo. Yo pa fin
`
byen konprann koman
`
`
pezante a fe rale nou
`
`
desann sou te a le
`
nou vole anle oubyen
`
`
koman li fe kenbe
`
lalin nan ann obit
`
ozanviwon te a.

TOUDEGAD

`
Kosmolojis yo fe
konnen enstriman
`
syantifik yo pa rive we
ni detekte anviwon
95 pousan bagay ki
`
konpoze linive a.
Yo divize bagay etranj
sa yo an de kategori:
`
`
matye nwa ak eneji nwa.
Yo pa konnen sa ki
konpoze bagay sa yo.

`
`
Gen lot bagay anko moun pa konnen ki mete
`
syantifik yo nan konfizyon. Poukisa sa enpo`
tan? Men sa yon gwo ekriven syantifik fe konnen:
Sa nou konnen yo pa reprezante anyen devan sa
`
nou pa konnen yo. Dapre mwen, lasyans ta dwe fe
`
nou etone anpil e li ta dwe fe nou anvi aprann plis
`
`
bagay toujou olye l ta fe lespri nou femen.
`
`
Donk, si w ap mande tet ou eske lasyans ap ran`
plase Bib la, konsa, ou pap bezwen kwe nan Bondye,
reflechi sou pwen sa a: Si gwo syantifik yo ak tout
`
enstriman pisan yo genyen yo rive konprann selman
`
`
kek bagay sou lanati, eske l t ap rezonab pou n kouri
rejte bagay lasyans pa rive eksplore yo? Nan sans
`
sa a, men sa yon ansiklopedi fe konnen nan fen yon
atik byen long yo ekri sou istwa ak devlopman as`
`
twonomi: Apre preske 4000 an rechech nan astwo`
nomi, nou pa pi konprann linive pase jan Babilonyen
yo dwe te konprann li. Encyclopedia Britannica.
Temwen Jewova yo respekte dwa chak moun gen`
`
yen pou l pran desizyon l vle sou sije sa a. N ap fe
`
`
efo pou n aplike konsey sa a ki nan Bib la: Se pou
`
tout moun konnen nou kom moun ki rezonab. (Filipyen 4:5). Se ak etadespri sa a nou envite w egzamine jan gen amoni ant lasyans ak Bib la e jan youn
`
konplete lot.

`
`
Bib la parapo ak kek bagay syantifik yo di
Labib pa di li se yon liv ki gen konesans syantifik ladan l. Sepandan, moun ki te ekri l
` `
`
`
`
`
yo fe kek komante ki egzak sou yon seri sije ki dwe enterese syantifik yo jodi a. Men kek
egzanp.
`
`
Laj te a ak laj linive genyen
`
`
Syantifik yo fe konnen te a gen
`
anviwon 4 milya ane, epi linive
gen anviwon 13 a 14 milya ane
`
depi l fet. Bib la pa bay okenn
`
`
dat konsenan kreyasyon linive a. Pa gen okenn
`
`
`
kote li di te a gen kek milye ane selman. Men sa
` `
nou li nan premye vese ki nan Bib la: Nan kon`
`
mansman, Bondye kreye syel la ak late a. (Je`
` `
nez 1:1). Deklarasyon sa a pemet syantifik yo
`
`
detemine laj monn nan genyen sou baz kek
prensip syantifik ki solid.

`
Preparasyon te a
` `
pou lezom abite
`
Jenez chapit 1 itilize mo jou
`
`
pou l pale sou dives peryod nan
`
preparasyon te a pou l te ka re`
`
sevwa lavi sou tout kalite fom. Pi gwo evenman
` `
`
ki gen nan deskripsyon senp vese sa yo fe a se
` `
kote yo premye pale de lezom nan. Bib la pa
bay dire sis jou kreyasyon yo. Olye de sa, li bay
syantifik yo posiblite pou yo etidye yo epi pou yo
ba yo yon kantite tan egzak. Nou konnen jou
kreyasyon yo te dire pi lontan pase jou ki dire
`
24 edtan tan yo.

`
Fason te a pandye
`
Bib la fe konnen Bondye pa pan`
`
dye te a sou anyen. (Job 26:7.)
`
Pa gen okenn kote li di planet
`
nou an chita sou zepol yon jeyan
`
oswa li chita sou do kek elefan ki kanpe sou
`
`
`
yon toti jan kek lejann ki popile nan tan lontan
`
fe konn sa. Olye de sa, Bib la bay syantifik yo po`
`
`
siblite pou yo fe dekouvet. Avek letan, Nicolas Co`
pernic ak Johannes Kepler te esplike jan planet
`
`
yo ap deplase toutotou soley la grasa yon fos en`
vizib k ap dirije yo. Kek tan apre, Isaac Newton te
`
`
montre jan fos yo rele pezante a ap dirije
`
deplasman tout obje ki gen nan lespas yo.

Enstriksyon sou prekosyon


`
`
kont maladi ak sou reg ijyen
Nan liv Levitik la nou jwenn
enstriksyon Bondye te bay Izraye`
lit yo sou sa yo te dwe fe pou yo
evite maladi trapan, pami bagay sa yo te gen
`
`
`
mete moun an karanten. Epi an rapo ak reg
`
`
ijyen, nan Detewonom 23:12, 13, lwa Bondye a
`
te mande Izrayelit yo pou yo fe bezwen yo yon
`
kote ki deyo tant kote yo rete. E yo te dwe kou`
`
vri l ak te. Se nan 200 ane ki sot pase yo sel`
`
man syantifik yo ak dokte yo vin we nesesite pou
yo etabli prensip sa yo.

`
`
`
`
Enfomasyon nou fek sot li nou jwenn nan Bib la, gen plizye syek depi yo te ekri yo. Ki jan
`
`
`
ekriven sa yo te fe konnen yon seri enfomasyon ki egzak konsa nan yon epok kote menm
`
moun ki te gen plis konesans yo pa t konnen bagay sa yo? Men repons Moun ki Met Bib la
`
`
bay: Menm jan syel la byen lwen anwo late, se konsa lide pa m byen lwen anwo lide pa nou,
chemen pa m byen lwen chemen pa nou. Ezayi 55:9.

Lasyans gen limit


`
Sa pa gen lontan, gen yon kantite liv ki paret ki
prezante opinyon yon gwoup moun yo rele nouvo
`
ate yo. Liv sa yo kapte atansyon anpil moun e yo fe
`
anpil diskisyon ak anpil deba. Konsenan sitiyasyon
`
sa a, men sa David Eagleman, yon newolog, te ekri:
`
`
`
Gen kek lekte k al lakay yo [...] avek enpresyon
syantifik yo konnen tout bagay. Men sa li te di
annapre: Men, bon syantifik yo se moun ki toujou
`
gen lespri ki ouve, e nan travay yo, yo dekouvri
nouvo bagay ak bagay yo pa t atann.
`
`
`
`
Pandan plizye syek, gen kek gwo syantifik ki fe
`
`
`
`
yon seri bel dekouvet nan rechech yo t ap fe pou yo
`
`
rive reponn kek kesyon ki difisil konsenan lanati.
` `
`
`
Men, gen syantifik ki fe kek ere grav nan rechech
`
yo t ap fe tou. Isaac Newton se youn nan pi gwo
`
`
syantifik ki te egziste nan kelkeswa epok la. Li te
`
`
montre fason pezante a lye planet yo, etwal yo ak
`
`
`
`
galaksi yo pou l fe yo fe yon sel linive. Li te envante
sa yo rele kalkil entegral la ki se yon branch nan
`
`
matematik moun itilize pou desen yo fe sou odi`
`
nate, pou vwayaj nan lespas ak nan fizik nikleye.
Sepandan, Newton te pratike alchimi tou ki se yon
`
fo syans ki itilize astwonomi ak fomil majik nan en`
` `
`
tansyon pou fe plon ak kek lot metal tounen lo.
`
Pandan plis pase 1500 an, gen yon astwonom
`

`
grek ki rele Ptolemee ki te eksplore syel la ak je l
`
`
`
selman. Li te konn byen gade planet yo nan syel la
`
`
`
le l te aswe e li te vin fo anpil nan trase kat. Sepan` `
dan, li te kwe te a se te sant tout bagay. Men sa

Carl Sagan, yon astwofizisyen, te ekri sou Ptole6

TOUDEGAD

`
`
`
`
mee: Teyori l te fe konsenan te a ki se sant linive a
`
te gen gwo enpak pandan 1500 ane, sa se yon rapel
ki montre nou se pa paske yon moun gen kapasite
`
`
`
entelektyel ki fe li pa ka twonpe l.
`
Jodi a, syantifik yo
` fe fas ak menm defi yo nan
`
`
rechech y ap fe yo. Eske y ap janm jwenn yon espli`
`
kasyon ki konple sou linive? Byenke li apwopriye
`
`
`
`
pou n rekonet pwogre lasyans fe ak byenfe nou
`
`
jwenn grasa pwogre sa yo, li esansyel pou n sonje
lasyans gen limit tou. Men sa Paul Davies, yon fizi`
`
`
syen, te fe konnen: Rechech moun ap fe pou yo
`
jwenn yon sistem ki lojik e ki definitif ki bay yon
`
esplikasyon ki konple e ki pa gen kontradiksyon
`
sou tout bagay se yon rechech ki kondane pou l
`
echwe. Pawol sa yo di yon verite moun pa ka kon` `
teste: Lezom pa ka rive konprann tout bagay nan
`
lanati. Kidonk, deklarasyon ki fe konnen lasyans
gen kapasite pou l bay yon esplikasyon sou tout sa
ki egziste se deklarasyon moun dwe pran ak anpil
`
prekosyon e li toutafe rezonab pou yo aji konsa.
`
`
` `
Men pawol Bib la di konsenan mevey ki nan la`
nati yo: Sa se yon ti kal nan tou sa [Bondye] fe.
` `
`
Se sa ase ki resi rive nan zorey nou! (Job 26:14).
` `
Gen yon gwo kantite konesans ki rete toujou lezom
`
pa ka rive konnen ni konprann yo. N ap dako pa`
`
`
wol apot Pol te ekri sa gen preske 2 000 an yo tou`
`
jou verite: Ala anpil riches ak sajes ak konesans
Bondye genyen yo anpil! Ala sa enposib pou moun
dekouvri jijman l yo e pou yo rive jwenn tras chemen l yo! Women 11:33.

`
`
Kek konsey lasyans pa bay
Byenke lasyans bay moun konesans sou lanati, Bib la
` `
`
` `
`
bay lezom prensip ak konsey k ap pemet yo viv anpe youn
`
` `
`
ak lot e k ap pemet yo mennen yon vi ki bay ke kontan
ak satisfaksyon. Ann egzamine egzanp ki vin apre yo.

`
Ke kontan
nan yon fanmi

Prevansyon
kont krim
Respekte lavi

Obeyi paran w

Piga nou touye moun.


`
Egzod 20:13.
`
Yon moun ki rayi fre l se
yon asasen. 1 Jan 3:15.

Timoun, se pou nou obeyi pa`


ran nou ann inyon ak Seye a,
paske se yon bagay ki jis.
Onore papa w ak manman w.
`
Sa a se premye komandman
`
ki mache ak yon pwomes: Pou
sa ka ale byen pou ou, e pou w
`
ka rete lontan sou te a.
Efezyen 6:1-3.

`
`
Fe lape epi pousuiv li

`
Vire do bay sa ki mal, epi fe
`
`
sa ki byen. Cheche jwenn lape,
epi pousuiv li.
`
Som 34:14, NW.
`
`
Moun k ap fe lape yo ap
simen semans fwi jistis la
`
`
nan lape, e y ap rekolte fwi
li bay. Jak 3:18.
Evite vyolans

Jewova li menm egzamine


ni moun ki dwat ni moun ki
`
mechan, e kelkeswa moun
ki renmen vyolans, nanm
`
Li rayi l vreman.
`
Som 11:5, NW.
`
Pa anvye so moun vyolan an,
nitou pa chwazi okenn nan
wout li yo. Paske moun ki ma`
gouye a se yon bagay ki detes`
tab pou Jewova. Pwoveb
3:31, 32, NW.

Byen anseye pitit ou

Pa irite pitit nou, men kontinye leve yo nan disiplin Jewova


`
ak nan avetisman l bay.
Efezyen 6:4.
Pa irite timoun nou yo,
dekwa pou yo pa dekouraje.
Kolosyen 3:21.
`
Gen lanmou ak respe
pou konjwen w

Se pou nou chak renmen


madanm nou menm jan ak
`
`
tet nou. Madanm nan, bo kote
`
pa l, dwe gen yon gwo respe
pou mari l. Efezyen 5:33.

Pwoteje
lanati
Anpalan de moun ki t ap polye
`
`
`
te a dives fason nan Izrayel
tan lontan an, Bib la te di:
Moun yo pa respekte peyi
Bondye a [...] moun ki rete sou
`
`
late ap peye pou sa yo te fe ki
mal. (Ezayi 24:5, 6). Bondye
pral mande moun ki chwazi
`
detwi anviwonman an kont.
Li pral detwi moun k ap detwi
`
te a. (Revelasyon 11:18.) Yo
pap ka chape anba konsekans
aksyon yo.

`
Li kle, Bib la
konble bezwen
`
nou nan plizye
`
domen kote
lasyans pa
`
ka fe sa.

`
I JAN W santi w le w sonje ou gen pou w vyeyi?
`
`
Gen anpil moun sa ba yo pwoblem, yo enkye e yo
`
`
konn menm vin pe. Rezon an se paske vyeyes mache
`
ak anpil bagay negatif tankou moun nan komanse pa`
`
`
`
ret granmoun, ko l vin frajil, li komanse pedi memwa
e li vin gen anpil maladi ki kwonik.
`
Sepandan, verite a seke tout moun pa vyeyi menm
`
jan. Gen kek moun ki plizoumwen gen bon sante nan
`
`
`
domen fizik ak mantal le y ap vyeyi. Gen lot moun,
`
`
pwogre lamedsin fe yo ede yo trete maladi kwonik yo
`
`
genyen oswa yo ede yo gen kontwol sou yo. Kom re`
zilta, nan kek peyi, chak jou, gen plis moun ki viv pi
lontan e yo viv pi an sante.
`
Sepandan, pifo moun ta renmen byen vyeyi kit yo
`
`
`
rankontre pwoblem ki gen rapo avek laj kit yo pa ran`
`
kontre pwoblem sa yo. Ki jan y ap rive fe sa? Nan yon
`
seten mezi, sa depann de atitid nou, volonte nou ak kapasite nou genyen pou n adapte n ak nouvo etap sa a
`
nan lavi a. Pou n ede w nan domen sa yo, annou egza`
mine kek prensip biblik ki senp e ki pratik.
`
`
SE POU N MODES: Se lakay moun ki modes nou
`
`
`
` `
jwenn sajes. (Pwoveb 11:2, NW). Nan konteks vese
`
`
sa a, moun ki modes yo ka fe referans ak moun ki
`
`
aje ki rekonet laj yo fe yo gen limit e yo aksepte sitiyasyon sa a, yo pa ni eseye nye sa ni eseye bay sa
`
vag. Charles gen 93 an, l ap viv Brezil, e li reyalis le l
di: Si w viv lontan, w ap oblije vyeyi. Pa gen okenn
`
`
mwayen pou w vin jen anko.
Sepandan, gen modesti pa vle di adopte yon atitid
negatif tankou: Mwen fin granmoun, pa gen anyen
`
`
anko pou mwen nan lavi. Yon atitid konsa ka fe yon
`
`
moun pedi antouzyas
li. Men sa nou li nan Pwoveb
`
24:10 (NW ): Eske w montre w dekouraje nan jou de`
`
`
tres? Fos ou ap piti. Olye de sa, yon moun ki modes
`
`
`
demontre l gen sajes, li eseye fe sa l ka fe ki pi bon an.
Corrado gen 77 an e l ap viv ann Itali. Men yon pa`
`
wol saj li di: Le w ap kondui yon machin k ap monte
`
`
`
yon mon, ou jis chanje l vites pou w evite mote a kale.
`
` `
Wi, le yon moun ap vyeyi, li bezwen fe kek ajisteman.
`
Corrado ansanm ak madanm li te aplike yon metod
`
ki ekilibre konsenan travay nan kay. Yo te suiv yon
pwogram ki modere e ki rilaks yon fason pou yo pa
`
santi yo fatige konpletman nan fen jounen an. Ma`
rian gen 81 an, l ap viv Brezil, e li adopte yon metod
`
`
ki reyalis tou anrapo ak vyeyes. Men sa l di: Mwen
`
`
`
aprann konnen nan ki rit ko m ka travay. Le sa nesese,

Fason nou ka
byen vyeyi

`
SE POU N MODES

TOUDEGAD

`
mwen pran poz ki kout le m ap travay. Mwen chita oubyen mwen kouche pou m li oswa pou m koute mizik.
Mwen aprann konnen limit mwen e m respekte yo.
` ` `
SE POU N EKILIBRE: Se pou medam yo fe bebel ak
`
` `
`
tet yo ak abiman ki korek. Y ap fe sa yon jan ki senp
`
e avek bonsans. (1 Timote 2:9.) Ekspresyon abi` `
man ki korek la vle di pou n ekilibre e pou n gen bon
gou. Barbara gen 74 an, l ap viv Kanada. Men sa l
`
`
di: M fe efo pou m abiye yon fason ki byen aranje
`
`
`
e ki pwop. M pa vle paret kom yon moun ki neglijan
e ki gen yon atitid tankou: Mwen granmoun, m pa
bay aparans mwen regle anyen pou mwen. Fern gen
91 an, l ap viv Brezil. Men sa l di: Detanzantan, mwen
`
achte kek nouvo rad pou m ka remonte moral mwen.
`
Ki sa nou ka di konsenan mesye ki aje yo? Men sa An
`
`
tonio ki gen 73 an k ap viv Brezil fe konnen: Mwen fe
`
tout sa m kapab pou m byen abiye le m mete rad ki
`
`
pwop e ki fre. Sou kesyon ijyen nan, men sa l di:
Mwen benyen epi mwen raze m chak jou.
` `
`
Yon lot bo, li enpotan pou n evite enkyete n pou apa`
rans nou opwen pou n ta bliye aji avek bonsans.
Bok-im gen 69 an, l ap viv Kore disid e li gen yon
pwennvi ekilibre sou abiman. Men sa l di: M konnen
`
`
li vreman pa apwopriye pou m mete kek rad m te konn
`
`
mete le m te jen.
`
SE POU N POZITIF: Le ou nan lafliksyon, chak jou
`
` `
`
se pwoblem. Men, le ke ou kontan, lavi se yon fet

SE POU N EKILIBRE

`
pou ou. (Pwoveb 15:15). Pandan n ap vyeyi, nou ka
`
`
`
gen kek panse negatif le n ap sonje fos nou te genyen
`
`
` `
le n te jen ak kantite bagay nou te ka fe le sa a. Nou
` `
konprann sa. Sepandan, fe efo pou n pa kite panse ne`
gatif sa yo venk nou. Le n ap panse toutan ak pase nou,
`
`
sa ka fe nou tris e nou ka dekouraje fe sa nou toujou
`
anmezi pou n fe. Joseph gen 79 an, l ap viv Kanada e li
`
panse yon fason ki pozitif. Men sa l fe konnen: Mwen
`
` `
fe efo pou m pran plezi nan bagay mwen ka fe e pou m
`
`
pa plede ap plenyen poutet bagay mwen te konn fe lon`
tan men mwen pa ka fe kounye a.
`
`
`
Anplis de sa, le nou fe lekti e nou aprann lot bagay,
`
`
sa fe nou santi nou pi pozitif, sa ka ouvri lot orizon pou
`
nou. Kidonk, depi sa posib, cheche okazyon pou n
`
fe lekti e pou n aprann bagay ki nouvo. Ernesto gen
`
74 an, l ap viv Filipin e li konn al nan bibliyotek pou l
`
cheche liv ki enteresan pou l li. Men sa l di: Mwen toujou renmen sansasyon liv avanti yo bay, mwen kontan
`
deske, pandan mwen lakay mwen, mwen ka vwayaje
grasa istwa ki nan liv sa yo. Lennart gen 75 an, l ap
`
viv nan peyi Lasyed, e li te menm leve gwo defi ki genyen pou yon moun aprann yon nouvo lang.
SE POU N RENMEN BAY: Pran abitid bay, e moun
ap ban nou. (Lik 6:38). Pran abitid pataje yon pati
`
`
nan tan nou ak kek resous nou genyen ak lot moun.
`
Sa ap fe nou santi nou reyalize yon bagay e sa ap ban
`
`
nou ke kontan. Hosa gen 85 an, l ap viv Brezil, e li fe

SE POU N POZITIF

SE POU N RENMEN BAY

1ye JEN 2015

`
`
`
gwo efo pou l ede lot moun malgre li limite nan domen
fizik. Men sa l di: Mwen rele zanmi mwen genyen ki
`
malad yo oubyen ki dekouraje yo nan telefon epi mwen
`
` `
ekri yo kek let. Pafwa mwen voye kek ti kado pou yo.
`
Mete sou sa, mwen renmen fe manje pou moun ki ma`
lad yo oswa m prepare yon dese pou yo.
`
`
Le nou renmen bay sa ankouraje lot moun pou yo
renmen bay tou. Men sa Jan ki gen 66 an k ap viv nan
`
`
`
peyi Lasyed fe konnen: Le w demontre lanmou pou
`
lot moun, y ap demontre lanmou ak afeksyon pou ou
`
tou. Wi, yon moun ki renmen bay kreye yon atmosfe
`
kote moun yo ge e yo gen afeksyon, e lot moun renmen sa.
`
`
SE POU N AMIKAL: Moun k ap izole tet li ap cheche
`
`
pwop dezi egoyis li, l ap soulve kont tout sajes pra`
tik. (Pwoveb 18:1, NW). Byenke gen moman kote ou
`
ka anvi rete poukont ou, evite izole tet ou oubyen evite
rete apa. Innocent gen 72 an, l ap viv nan peyi Nijerya,
e li renmen pase tan ak zanmi l. Men sa l di: Mwen
`
renmen le m ansanm ak moun ki gen tout kalite laj.

`
Borje gen 85 an, l ap viv nan peyi Lasyed, men sa l di:
`
Mwen fe tout sa m kapab pou m nan mitan moun ki
`
`
`
`
`
jen. Eneji yo genyen fe m santi m vin jen anko, omwen,
nan moun mwen ye pa anndan an. Detanzantan, pran
inisyativ pou w envite zanmi lakay ou. Han-sik gen
72 an, l ap viv Kore disid, men sa l di: Mwen menm
ak madanm mwen renmen envite zanmi ki gen tout
kalite laj, sa vle di granmoun ak adolesan, pou n pase
yon ti tan ansanm oubyen pou n pran yon repa.
`
`
Moun ki amikal yo renmen gen konvesasyon ak lot
`
`
`
moun. Men, piske konvesasyon pa fet nan yon sel
`
sans, nou bezwen pran tan pou n koute lot moun.
`
Montre nou enterese nan lot moun. Helena ki gen

SE POU N AMIKAL

`
71 an k ap viv nan peyi Mozanbik fe konnen: Mwen
`
`
amikal e mwen trete lot moun avek diyite. Mwen
koute sa y ap di pou m ka konnen sa yo panse ak sa yo

`
renmen. Men sa Jose ki gen 73 an k ap viv Brezil fe
`
konnen: Moun yo renmen le yo ansanm ak moun
ki renmen koute, moun ki konn mete yo nan plas
`
lot moun e ki enterese nan yo, moun ki konn felisite
moun nan moman ki apwopriye ak moun ki renmen
bay blag.
`
Le n ap di sa nou panse, pran san nou pou nou si`
`
zonnen pawol nou yo ak sel. (Kolosyen 4:6.) Se pou
nou byen reflechi sou sa n ap di e se pou n ankourajan.

SE POU N REKONESAN: Montre nou gen rekone`


sans. (Kolosyen 3:15). Le yon moun ap ede nou, se
`
`
pou nou montre nou apresye ed li. Le nou demontre
nou gen rekonesans sa ap ede nou vin gen bon rela`
syon ak lot moun. Men sa Marie-Paule ki gen 74 an
`
k ap viv Kanada di: Sa pa gen lontan, mari m ave m
te kite kay nou pou n t al viv nan yon apatman. Te gen
`
`
plizye douzen zanmi ki te vin ede nou. Nou pa t ka jis
`
`
`
`
remesye yo. Nou te voye kek kat remesiman nou te fe
`
pou yo epi nou te envite kek nan yo vin pran yon repa
ak nou apre sa. Jae-won gen 76 an, l ap viv Kore disid,
e li apresye woulib li konn jwenn pou l al nan Sal
`
`
Wayom nan. Men sa l di: Mwen telman rekonesan
`
`
pou tout ed mwen jwenn mwen fe tout sa m kapab
`
`
pou m bay yon ti kob pou gaz. Pafwa mwen ba yo kek
`
`
`
ti kado e mwen ekri yo kek ti not pou m remesye yo.
`
`
Sa k pi enpotan seke nou dwe rekonesan pou lavi.
`
Wa Salomon, yon wa ki saj, te di: Yon chen vivan miyo
pase yon lyon mouri. (Eklezyas 9:4). Wi, si nou gen
bon atitid ak volonte pou n adapte nou, li posib pou
nou byen vyeyi.

SE POU N REKONESAN

BYOGRAFI

Yon
eritaj
ki
la
depi
`
set jenerasyon
DAPRE KEVIN WILLIAMS

Gen moun ki di mwen se papa m toupi. Fason m kanpe,


`
fason m chita, fason je m fet ak bon tanperaman m
genyen se nan papa m mwen pran tout sa. Men, li kite yon
`
`
lot bagay pou mwen tou, se yon eritaj ki se yon trezo ki la
`
nan fanmi m depi set jenerasyon. Kite m esplike nou.

`
Papa m ap aprann mwen kek
bagay sou eritaj fanmi nou an.

YO T AP VIV PAMI KANIBAL


Pandan premye ane Thomas ak Mary te pase nan
Fiji, yo te rankontre anpil gwo difikilte. Yo te konn tra` `
vay pandan plizye edtan nan move kondisyon e nan

`
chale ki konn gen nan peyi twopikal. Mete sou sa,
`
yo te fe fas ak yon seri sitiyasyon terib moun pa ka ra`
`
konte tankou ge ant tribi, moun k ap toufe vev, moun
k ap touye timoun piti, moun ki kanibal epi moun yo
pa t konn vle koute mesaj yo t ap preche a. Mary ak
John, premye pitit gason l lan, te tonbe malad e yo te
`
preske mouri. Nan ane 1843, men sa Thomas te ekri:
`
`
`
Ke m te sere anpil [...]. Mwen te preske pedi espwa.
`
`
`
Malgre sa, Mary ave l te pesevere, yo te jwenn fos grasa
lafwa yo te genyen nan Jewova, Bondye yo a.
`
Nan moman sa a, Thomas te pwofite byen sevi ak
`
`
konesans li genyen kom bos chapant pou l konstwi
premye kay ki gen stil ewopeyen nan peyi Fiji. Kay sa a
` `
`
te gen yon etaj ki ayere ak plizye lot bagay moden la`
dan l ki te vreman eveye kiryozite Fijyen ki t ap viv nan
`
`
zon nan. Jis anvan kay la fini, Mary fe Thomas Whit`
`
ton 3 Williams, dezyem pitit gason l lan, ki se zanset
mwen.
`
Nan ane 1843, Thomas ki te pi gran an te bay ed li
pou yo tradui Evanjil Jan an nan lang fijyen, yon travay li te twouve ki difisil anpil1. Sepandan, li te yon
`
`
antwopolog ki te gen don pou l byen obseve. Li te veye
`
pou l ekri rechech li yo nan yon liv li te ekri ki rele Fiji

1 Nimewo yo koresponn ak moun ki nan foto nan paj 12 ak


paj 13 la.
`
2 Lontan yo te rele l zile Lakemba, li twouve l nan Fiji nan les
gwoup zile yo rele Lau a.

`
`
1 John Hunt ki se yon misyone te tradui pifo nan liv ki nan
Nouvo Testaman an nan lang fijyen, yo te pibliye l nan ane 1847.
Tradiksyon sa a remakab paske l itilize non Bondye Jiova nan
Mak 12:36, Lik 20:42 ak nan Travay 2:34.

Nan dat 20 janvye 1815, Thomas 1 1 Williams, zan`


`
`
set mwen, te fet nan vil Horncastle nan peyi Anglete.
Manman l mouri dezan apre, konsa, John Williams
`
`
papa l, te leve l li menm, se l la ak de fre l yo. John te
`
`
bay Thomas fomasyon pou l vin yon bos chapant, men
`
`
Thomas te panse ak yon lot karye.
`
`
Nan epok sa a, moun te enterese anpil nan zafe re`
lijyon toupatou nan peyi Anglete. John Wesley, yon
`
`
`
predikate, te kite Legliz anglete a pou l al fome Sosyete
`
Metodis yo, yon gwoup ki te met aksan sou enpotans
`
`
pou moun etidye Bib la pesonelman e pou yo evan`
jelize. Anseyman Wesley yo te gaye toupatou tankou
`
`
dife nan fore, e fanmi Williams te kwe anpil nan an`
`
seyman sa yo. Thomas te vin yon predikate metodis
`
`
`
epi byen vit li te volonte pou l al travay kom misyone
`
nan Pasifik sid la. Nan mwa jiye 1840, li menm ansanm ak madanm li Mary 2 te ateri sou zile Lakeba2
`
nan peyi Fiji, yon zile ki gen volkan e se kanibal ki te
`
abite sou li nan epok sa a.

1ye JEN 2015

11

`
Sal Wayom nan,
Donnybrook,
Ostrali, 1947

3
2

Mary Williams
(1816-1890)

Thomas Williams,
yon minis metodis
(1815-1891)

`
ansanm ak Fijyen yo, (1858) [angle], yon liv klasik ki ra`
`
konte lavi Fijyen yo t ap mennen nan 19yem syek la.
`
Apre 13 ane Thomas te fe ap travay di nan peyi Fiji,
`
finalman, li te vin gen pwoblem sante, e li te deplase al
`
`
viv nan peyi Ostrali ak tout fanmi l. Apre yon bel karye
`
byen long antanke yon manm kleje, Thomas mouri
nan ane 1891 nan vil Ballarat ki nan Victoria.
`
`
YO JWENN LO NAN LWES
Nan ane 1883, Thomas Whitton Williams ansanm
`
ak madanm li Phoebe 4 te deplase ak fanmi yo ki te jen
`
pou y al viv nan vil Perth ki nan lwes Ostrali. Arthur
`
Bakewell 5 Williams, ki se dezyem pitit li e ki se pwo`
`
chen zanset mwen, te gen nevan le sa a.
`
`
`
Le Arthur te gen 22 an, li t al cheche fotin li nan Kal`
goorlie, yon vil ki te an devlopman e ki te gen min lo
`
`
ladan l ki nan yon distans anviwon 600 kilomet nan les
`
vil Perth. Nan vil sa a, li te li kek piblikasyon Etidyan
`
Labib yo, jan yo te rele Temwen Jewova yo le sa a, te pi`
`
bliye. Anplis de sa, li te fe yon abonman ak Toude`
gad Siyon an. Arthur te renmen sa l te li yo, li te ko`
manse pataje nouvo konesans li vin genyen an ak lot
`
moun e li te konn oganize reyinyon pou moun etidye
`
Labib. Se konsa aktivite moden Temwen Jewova yo te
`
`
komanse nan lwes peyi Ostrali.
Arthur te pale ak fanmi l tou sou sa li t ap aprann
`
yo. Thomas Whitton, papa li, te dako pou Arthur asosye l ak Etidyan Labib yo, men Thomas Whitton mouri
yon ti tan apre sa. Phoebe, manman Arthur, ansanm
`
ak Violet ak Mary, ki se se Arthur, te vin Etidyan La`
bib tou. Violet te vin yon evanjelizate aplentan oswa
yon pyonye. Arthur te di Violet se te pi bon pyonye,

12

TOUDEGAD

4
Phoebe Williams
(1850-1926)

Thomas Whitton
Williams
(1841-1902)

5
Arthur Bakewell
Williams
(1875-1959)

`
pyonye ki te pi zele e ki te travay pi di nan lwes peyi
`
Ostrali. Petet Arthur te gen prejije, men egzanp Violet te bay antanke yon pyonye ki zele te gen gwo enfliyans sou pwochen jenerasyon Williams nan.
`
Rive yon le, Arthur te marye e li t al viv nan Donny`
brook, yon vil ki nan lwes Ostrali kote moun yo konn
kiltive fwi. Nan vil sa a, moun yo te rele Arthur Vye
` `
moun fou pou 1914! poutet zel li te genyen pou l pwoklame pwofesi biblik ki atire atansyon moun sou ane
`
`
sa a1. Yo te sispann fawouche l le Premye Ge mondyal
la te eklate. Arthur te toujou bay kliyan yon magazen li
te genyen temwayaj e li te konn ekspoze piblikasyon biblik yo nan vitrin magazen an pou tout moun ka byen
`
we yo. Mete sou sa, li te mete yon pano nan vitrin nan
`
`
ki fe konnen nenpot moun ki ka pwouve doktrin Trinite a biblik l ap peye moun sa a 100 liv ostralyen. Arthur te rejte doktrin sa a Bib la pa anseye a yon fason ki
`
fem. Pa t janm gen moun ki te rive pran lajan sa a.
Se lakay Williams yo, nan vil Donnybrook, Etidyan
Labib yo te konn etidye Labib an gwoup e se la yo te
`
konn fe reyinyon kongregasyon an. Annapre, Arthur
`
`
te konstwi yon Sal Wayom oswa yon kote yo fe reyi`
nyon, nan vil la, e se youn nan premye Sal Wayom ki
`
`
te genyen nan lwes Ostrali. Menm le li te gen plis pase
70 an, li te konn met yon kostim ak yon kravat sou li,
li monte sou yon cheval ki aje li te genyen ki rele Doll
e li te konn al preche byen lwen toupatou nan distri
Donnybrook la.
`
1 Gade apendis ki gen tit 1914: yon ane ki gen anpil enpotans nan pwofesi biblik yo ki nan liv Ki sa Labib anseye toutbon`
vre? a. Se Temwen Jewova ki pibliye l e li disponib sou sit Ente`
net www.jw.org/ht a.

Ann End

10

Nan Zile Salomon

11

6
Florence Williams
(1911-2003)

Arthur Lindsay
Williams
(1904-1984)

Ronald Williams
(1935-)

`
Pitit Arthur yo te vreman apresye egzanp papa yo te
`
ba yo antanke yon moun ki kalm e ki rezeve, men ki
`
`
zele tou. Florence 6 youn nan pitit fi l yo te sevi kom
`
`
misyone nan peyi End. Pitit gason Arthur yo, setadi
Arthur Lindsay 7 ak Thomas, menm jan ak papa yo,
`
`
yo te sevi kom ansyen pandan lontan nan kongregasyon an.
`
POM LADY WILLIAMS YO DOUS
`
Arthur Lindsay Williams se papa granpe m, e moun
`
te konnen l kom yon moun ki gen bon tanperaman
`
e yo te renmen l poutet sa. Li te toujou gen tan pou
`
`
moun e li te konn trete yo avek respe. Mete sou sa,
`
`
li te konn chanpyon nan yon spo kote moun yo sevi
ak yon rach pou yo koupe bwa. Pandan 12 ane, li te
`
chanpyon nan 18 chanpyona rejyonal yo te oganize nan
`
spo sa a.
`
Sepandan, Arthur te yon ti jan enpresyone le Ro`
nald 8 yon pitit gason l ki te gen dezan (granpe mwen),
`
`
te pran yon rach e li te koupe yon ti pye pom ki bo kay
`
kote fanmi nou te abite a. Avek anpil swen, manman
Ronald te bande pyebwa a, e finalman, pyebwa a te bay
`
`
pom ki te dous yon fason remakab. Yo te rele pom yo
`
`
Lady Williams, se nan nouvo varyete pom sa a pom yo
`
rele Cripps Pink lan soti, se youn nan varyete pom ki
`
pi popile nan monn nan.
Annapre, Ronald oubyen granpa, jan mwen te konn
`
`
rele l la, te komanse gen objektif ki pi enpotan. Li
`
`
menm ak granma te sevi pandan plizye ane antanke
`
`
`
volonte nan plizye pwoje konstriksyon Temwen yo te
reyalize nan peyi Ostrali ak nan zile Salomon. Kou`
`
nye a granpa preske gen 80 an, li toujou ap sevi an-

12

9
Geoffrey Williams
(1962-)

Kevin Williams
(1986-)

`
tanke ansyen nan kongregasyon an epi li bay ed li nan
`
`
konstriksyon ak renovasyon Sal Wayom ki nan lwes
peyi Ostrali.

MWEN ONORE ERITAJ MWEN AN


`
Pou paran m yo, setadi Geoffrey 9 ak Janice 10 Williams onore eritaj fanmi nou an, yo te travay di pou yo
`
`
leve Katharine, se m nan, ave m yon fason pou nou
`
`
bay prensip biblik yo anpil vale. Le m te gen 13 an,
`
mwen te devlope pwop relasyon m ak Jewova. Pan`
dan m t ap asiste yon asanble Temwen yo te oganize,
`
m te tande yon manm Kolej santral Temwen Jewova
`
`
yo, John E. Barr di jen ki te nan oditwa a pawol ankourajan sa yo: Pinga nou gaspiye bagay ki pi presye nou
`
genyen an, setadi posiblite nou genyen pou n konnen
`
Jewova e pou n renmen li. Nan aswe, mwen te vwe
`
lavi m bay Jewova. Dezan apre, mwen te komanse nan
`
sevis pyonye a.
Jodi a, mwen 12 pran plezi preche aplentan ak ma`
danm mwen Chloe, 11 nan Tom Price, yon vil andeyo
`
`
`
ki gen yon min ki nan nodwes nan pati lwes peyi Os`
trali. Nou travay amitan pou nou pran swen tet nou.
`
Paran m yo ak Katharine, se m nan, ansanm ak An`
`
drew, mari li, ap sevi kom pyonye nan Port Hedland, ki
`
`
nan yon distans anviwon 420 kilomet nan no. Papa m
`
`
`
ave m ap sevi kom ansyen nan kongregasyon an tou.
`
`
Sa gen set jenerasyon, Thomas Williams, zanset
`
`
mwen, te detemine pou l sevi Jewova Bondye nou an.
Lafwa fanmi m yo te genyen ak travay yo te reyalize
`
`
nan sevis Bondye a se yon eritaj yo transmet mwen.
`
M santi mwen vreman beni paske mwen gen yon eri`
taj espirityel ki rich konsa.
1ye JEN 2015

13

`
Kiyes ki antikris la?
`
Gen yon fim ki pa gen lontan depi l paret ki rele Antikris.
`
`
`
`
Gen yon gwoup mizik ki popile ki rele youn nan albom li fe yo Sipesta antikris.
`
`
`
Friedrich Nietzsche, yon filozof nan 19yem syek la, rele youn nan liv li ekri yo Antikris la.
`
`
Wa ak anpere ki t ap viv nan epok mwayennaj la te konn rele opozan yo antikris.
`
`
Martin Luther, chef refom ki te gen nan peyi Almay la, te rele pap katolik women yo antikris.
` `
`
ISKE lezom gen lontan depi y ap itilize tem
`
`
antikris la kom yon etiket pou yo kalifye
`
tout bagay komanse sou monak yo rive sou fim
` `
`
yo, li toutaf
es ki anti` e n` omal pou n mande:` Kiy
`
`
kris la? Eske tem sa a gen yon rapo kelkonk avek
`
`
nou jodi a? Se seten, kote ki lojik pou n komanse
`
`
cheche idantite antikris la se nan Bib la kote tem
`
sa a paret senk fwa.

YO DEVWALE ANTIKRIS LA

`
Sel ekriven nan Bib la ki itilize mo antikris la
se apot Jan. Ki fason li te dekri antikris la? Note
`
`
pawol sa yo ki nan premye let li te ekri ki pote
`
`
non l lan: Timoun mwen yo, se nan denye ed`
tan an nou ye, e kom nou te tande antikris la ap
vini, ebyen depi kounye a gen anpil antikris ki
`
`
`
`
paret. Se sa k fe nou konnen se nan denye edtan an nou ye. Yo soti nan mitan nou, men yo pa t
`
`
`
menm jan avek nou [...]. Kiyes ki mante a, si se
pa moun ki nye se Jezi ki Kris la? Men antikris
la: se moun ki nye Papa a ak Pitit la. 1 Jan
2:18, 19, 22.
`
Ki sa nou aprann nan pawol sa yo? Jan mansyone anpil antikris, sa montre antikris la
pa yon moun, men se yon gwoup moun. Moun
`
oubyen oganizasyon ki konpoze antikris la simaye manti toupatou, yo nye Jezi se Kris la oswa
`
Mesi a, epi yo eseye bay esplikasyon ki defome
sou relasyon ki gen ant Bondye ak Jezi Kris, Pitit
14

TOUDEGAD

`
li a. Moun ki konpoze antikris la fe konnen yo se
Kris oubyen yo se reprezantan l, men, piske yo
`
`
soti nan mitan nou, yo abandone vre anseyman
`
Bib la bay. Mete sou sa, gwoup sa a te la le Jan te
`
`
`
ekri let li a nan denye edtan an, sa vle di nan
`
fen epok apot yo.
`
`
Ki lot bagay anko Jan te ekri sou antikris la?
`
`
Anpalan de fo pwofet yo, men ki avetisman l te
`
bay: Yon mesaj ki fe konnen Jezi Kris te vini nan
`
lache, se yon mesaj ki soti nan Bondye. Men, yon
`
`
mesaj ki pa fe konnen Jezi te vini nan lache, se
pa yon mesaj ki soti nan Bondye. Anplis, se sa
ki mesaj antikris la, mesaj nou te tande ki t ap
vini an, e kounye a ki deja nan monn nan. (1 Jan
`
`
4:2, 3). Apre sa, nan dezyem let la, Jan te tounen
`
`
sou pwen sa a le l te di: Gen anpil blofe ki lage
`
nan monn nan, yon seri moun ki pa rekonet Jezi
`
`
Kris kom sila a ki te vini nan lache a. Se yo menm
`
`
ki blofe a e ki antikris la. (2 Jan 7). Sa kle, Jan te
`
konnen antikris la se tout moun ki chwazi sevi ak
relijyon pou yo simaye manti sou Jezi ak sou an`
seyman Jezi yo.
`
`
FO PWOFET YO AK MOUN K AP FE
SA KI ILEGAL LA

`
Byen lontan anvan Jan te ekri konsenan moun
`
sa yo ki sevi ak relijyon pou yo bay manti, Jezi
`
`
Kris te bay disip li yo konsey sa a: Fe atansyon
`
ak fo pwofet yo k ap vin sou nou ak po mouton

Apot Jan te konnen antikris la se tout moun


`
ki chwazi sevi ak relijyon pou yo simaye manti
`
sou Jezi Kris ak sou anseyman Jezi yo.

sou yo, tandiske se lou voras yo ye pa anndan.


`
(Matye 7:15). Menm jan an tou, apot Pol te bay
`
kretyen ki t ap viv nan vil Tesalonik yo avetisman
`
`
sa a: Pa kite pesonn pran tet nou nan okenn fason, paske jou sa a [jou Jewova a] pa gendwa rive
`
anvan apostazi a vini, anvan moun k ap fe sa ki
`
`
ilegal la, pitit destriksyon an, paret akle. 2 Tesalonisyen 2:3.
`
`
Konsa, nan premye syek la, fo pwofet yo ak
aposta yo te deja ap enfliyanse moun yo, yo t ap
`
fe tout sa yo kapab pou yo febli kongregasyon an.
`
Tout moun ki t ap gaye manti e ki t ap sevi ak relijyon pou yo simaye manti sou Jezi Kris ak sou
`
`
anseyman l yo te fe pati antikris Jan te pale de
`
`
li a. Pol te fe nou konnen pwennvi Jewova genyen
`
sou moun sa yo le l te di yo se pitit destriksyon.
`
FE ATANSYON AK AKTIVITE ANTIKRIS YO JODI A

`
`
Koman sa ye jodi a? Moun ak oganizasyon ki
konpoze antikris la toujou opoze ak Kris ansanm
`
ak anseyman l yo. Yo chwazi simaye manti ak
twonpri nan entansyon pou yo met moun nan
konfizyon sou idantite Jewova Dye, Papa a, ak
`
Jezi Kris, Pitit la. Nou gen bonjan rezon pou n fe
atansyon ak manti sa yo relijyon yo ap simaye.
Annou konsidere de egzanp.
`
`
Pandan plizye syek, legliz yo gaye doktrin Tri`
nite a, yo fe konnen Papa a ak Pitit la se menm
moun nan. Konsa, antikris la konfonn moun yo
`
e li kache idantite Jewova Dye ak Jezi Kris. Miste
`
sa a anpeche moun ki sense yo imite Jezi Kris e li
`
`
fe l difisil pou moun sa yo pwoche bo kote Bon`
dye jan Bib la ankouraje yo fe sa. 1 Korentyen
11:1; Jak 4:8.
`
Legliz yo fe moun yo nan plis konfizyon toujou
`
`
le yo ankouraje yo sevi ak tradiksyon Labib ki re-

`
`
tire non Bondye, setadi Jewova, nan Bib la. Yo fe
`
sa malgre non Jewova paret anviwon 7 000 fwa
`
nan teks orijinal Bib la. Ki rezilta sa bay? Idantite
`
`
`
vre Dye a vin pi red pase yon miste.
`
`
`
`
`
Yon lot bo, lefetke anpil adorate ki sense konnen non Bondye se Jewova, sa ede yo vin pi
`
`
`
pwoch ave l. Se eksperyans sa a Richard te fe
`
apre l te fin gen yon konvesasyon ak de Temwen
Jewova. Men sa l di: Yo te montre m nan Bib la
`
`
non vre Dye a se Jewova. M te sezi le m te tande
Bondye gen yon non, yon bagay m pa t janm

`
Jezi te aveti disip
`
li yo fo pwofet yo t ap
vin ak po mouton
tandiske se lou voras
yo ye.

`
tande anvan sa. Depi le sa a, li chanje lavi l pou l
ka ann amoni ak prensip ki nan Bib la e pou l ka
`
`
fe Jewova plezi. Lefetke m te aprann non Bon`
dye, sa ede m vin gen yon relasyon sere ave l.
`
`
`
Pandan plizye syek, antikris la kenbe plizye
`
`
`
milyon moun nan fenwa nan domen espirityel.
`
`
Men, le nou etidye Bib la nou kapab aprann vre
idantite antikris la e nou ka libere anba manti ak
`
twonpri antikris la sevi ak relijyon pou simaye yo.
Jan 17:17.
1ye JEN 2015

15

REPONS BIB LA BAY

`
Ki sa k fe yon moun
se yon bon paran?
`
Yon kay kote paran yo renmen youn lot e yo respekte
`
`
youn lot se yon tre bon kote pou yo leve yon timoun (Kolosyen 3:14, 19). Yon bon paran se yon moun ki renmen pitit li e li felisite yo menm jan Jewova te felisite
Pitit gason l lan. Li Matye 3:17.
`
` `
Papa nou ki nan syel la koute sevite l yo, e li bay san`
timan yo genyen enpotans. Li bon pou paran yo imite
Jewova e pou yo koute sa pitit yo gen pou di yo (Jak
1:19). Yo dwe aksepte santiman timoun yo genyen,
san wete santiman negatif yo. Li Nonb 11:11, 15.

`
ESKE W ANSEYE PITIT OU
POU L RENMEN BONDYE?

Ki jan w ka leve pitit ou


pou l vin moun ki responsab?
Pou w jwenn
`
plis enfomasyon,
gade chapit 14
nan liv sa a.
Se Temwen
Jewova ki pibliye l.
KI SA LABIB
ANSEYE
toutbonvre ?

`
Antanke paran, ou gen otorite pou w etabli reg pou pitit ou (Efezyen 6:1). Imite egzanp Bondye. Li demontre
`
`
lanmou li gen pou pitit li yo le li ba yo yon seri reg ki
`
byen kle e li di yo konsekans sa ap genyen si yo dezo`
`
beyi yo (Jenez 3:3). Sepandan, olye Bondye fose moun
` `
`
obeyi l, li anseye yo fason pou yo jwenn byenfe le yo fe
sa ki dwat. Li Izayi 48:18, 19.
Fikse objektif pou w ede pitit ou renmen Bondye.
`
`
`
`
Konsa, y ap aji avek sajes menm le yo pa ave w. Menm
jan Bondye anseye nou grasa egzanp li ban nou, anseye pitit ou pou yo renmen Bondye grasa egzanp ou
`
ba yo. Li Detewonom 6:5-7; Efezyen 4:32; 5:1.

` `
Li sou sit Entenet
www.jw.org /ht a tou.

Tanpri, voye yon liv Ki sa Labib anseye


toutbonvre? pou mwen.
LANG
NON
`
ADRES




`
Gade nan paj 2 a pou w konn nan ki adres pou w ekri n.

Telechaje
peryodik
sa a
`
ak lot peryodik
`
ki deja paret gratis.

Bib la disponib
nan plis pase
100` lang
` sou
Entenet.

` `
Al sou sit Entenet
www.jw.org /ht
oubyen
skane
`
kod sa a.

wp15 06/01-CR
150225

n
o

`
LI LOT REPONS
` ` BIB LA BAY
SOU ENTENET

También podría gustarte